17/10/2025
Anivèsè Agwonòm Oslet AUGUSTE selebre ak klas nan Fresh Room Bar aprè midi Jedi 16 Oktòb 2025 la nan Fresh Room Bar!
Alòske Agwonòm nan akonpli dat pou dat yon lòt ane nan egzistans li jodi jedi 16 Oktòb la, fanmi ak zanmi te reyini nan yon anbyans cho ak konvivyal pou selebre anivèsè li ak li. Ant souri, bèl swè ak dans, selebrasyon an te chaje ak lanmou, chalè ak bon jan enèji.
Envite yo te jwenn plezi nan bon jan animasyon, bon ti bagay pou vant yo san bliye bwason rafrechi pandan yo t ap pataje yon moman inoubliyab ak sitwayen konsekan sa a. N ap raple Oslet se pitit komin Tyòt; Agwonòm diplome; anseyan leta ak plizyè lekòl prive nan komin Tyòt depi plis pase 15 lane; pwofesè nan divès lekòl pwofesyonèl nan komin nan; Direktè pedagojik lekòl Batis Ebenezè Tyòt (Makpela) san bliye chapo korektè li genyen nan moman egzamen ofisyèl pou klas nevyèm ane fondamantal epi nouvo segondè 4 (Filo).
Fresh Room Bar swete Agwonòm Oslet AUGUSTE bòn fèt epi remèsye l pou chwa li te fè de espas la pou selebre gwo jou sa a nan lavi l.
Fresh Room Bar kontinye konfime l kòm espas ideyal pou selebrasyon espesyal tankou anivèsè, maryaj, gradyasyon, kominyon ak tout lòt gwo moman lavi a. Atmosfè a, sèvis la, epi kote a mete tout moun alèz e rann fèt la ekstraòdinè.
Bon fèt ankò Agwo Oslet AUGUSTE! siksè, lanmou ak sante pou chak jou k ap vini yo!
Pou enfòmasyon ak rezèvasyon sou sèvis nou yo; kontakte nou nan [email protected]; +509 4863-4863/ +509 3313-1133 (apèl/watsap)
Fresh Room Bar; #3, Ri Milri, Sant Vil Tyòt ; Sidès, Ayiti!